spirityalite,rev, savoir vire, ed.diskisyon sou rev, spirityalite, koman viv, yon meye vi, priye, plante ki geri, reset, religion,....
Signer mon livre d'or Faire connaître mon blog Me contacter par mail Flux RSS
ThèmesRechercherDerniers commentairesphilosophie sur les égrégores .
comme nous-nous réincarnons, nos pensées selon quelles soient bonnes ou mauva
Par sainte-trinite, le 03.05.2020
paek yonfi
Par Anonyme, le 06.05.2019
Date de création : 16.01.2013
Dernière mise à jour :
16.01.2013
1 articles
Manman'm toujou rakonte istwa koman mwen fet. Li te pase 7 jou tranche. Mwen te pi gro doule ke li te ka andire, li rakonte'm ke , li te gen 19an, li te soufi anpil, li dim ke se te nan yon gran kivet emaye ke yo te mete li avek fey pou yo te bali beny pou'l te ka kase lezo men anyen menm, li te preske dekouraje epi pandan yon ti domi pran li nan kivet lan yon gro manman papiyon paret poze sou vant li, li sote, sezisman pran'l paske papiyon an te telman gro li kase lezo lamenm grann al lopita'l ave'l epi li akouche.Mwen fet yon lendi matin 5 septanb.Grann mwen di ke lem fet mwen te telman pran reta yo te banm yon ti nom "Silvini". Se vre ke tout moun ki konnen mwen konnen ke mwen toujou an reta! men mwen toujou di tout moun se pa anreta non ke mwen anreta, mwen toujou vini nan le kem sipoze la...Apre recherch kem fe Non mwen SHERLEY vle di an angle" bright clearing" si mwen ta vle tradwi li an kreyol mwen ka di Limye. Mwen fet lopital General, papa'm te yon enjenye, yon venerab nan mason e manman mwen te sekrete nan palais nasyonal sou administrasyon Duvalier. Yon Fran katolik. Nou te rete nan yon ansyen maison kolonyal yo nan Rue Docteur Aubry, epi a 3 ans mwen ak tise mwen Pat, nou al rete Petion-Ville. Mwen grandi avek Grann mwen ki te yon Fran, Yon moun extradine.
Grann mwen ki elve'm fet nan lakou kay soeur TiGwav, toutswit apre manman li pouse li, li mouri. Se soeur yo ki pran swen li jiskake li te gen 14 ans le yon jenn Dokte ki vinn vizite Tigwav mete li nan lavi Gason. Li kite tigwav li al viv potoprens.Grann mwen te sevi ginen men kite espri yo, e sevi nan rit katolik lan selman. li te yon fanm saj, medsin fey, e li te konn koud rad, . Granpapa'm Jo limenm anpil nan tonton mwen ak tant mwen pa tro renmen pale de li, paske li fe plus de 26 pitit ke yo rekonet san konte sa ke nou pa konnen! mwen renmen li anpil paske pa gen yon kote , yon zonn, yon lakou kem rantre pou pa gen yon fanmim , yon kouzim la.... se sakfe lem di mse moun tout kote moun panse ke sepaske mwen pe ou se manti! non paditou ! se paske vreman mwen se moun tout kote! soti nan sud rive nan nord ale a lwes tounen a lest se fanmi'm . Granpapa cheri'm sa li te yon Atis, ki te gen anpil sikse li te gen yon Atelier nan Petion-Ville , ki te fe skiliti, penti, eksetera, li te yon gran peche pwason, li te anmenm tan yon Bokor, yon gran Otorite nan yon sosyete sekre Ayiti...Istwa an di menm legliz katolik exkominye li. Mwen fe Blog sa pou mwen pataje eksperyans spirityel mwen , e klere limye pou moun ki bezwen limye sou diferan topic e pwoblem lavi an. Mwen se yon moun ki fet avek sa ke yo rele an angle yon Medium, mwen kominike avek moun ki mouri, mwen we (clairvoyance) Mwen santi vibration moun,andn kay ekcetera (clairsentience) mwen tande mesaj espri (claireaudience) mwen kapab kominike avek gran fos divin yo. Tout moun fet avek fos sa yo. Nan chemin mistik mwen, mwen rankontre anpil moun ki resanti jalouzi a la minut ke yo rankontrem paske yo panse ke yo enferye a mwen, tandiske ke chemin zanzet yo se chemin les morts, Et les Morts renmen moun ki ka pote mesaj pou yo. Mwen soti nan yon fanmi multirasyal zanset mwen yo soti nan kontinan afriken, erop, ak karayib la, tout zanset sa yo sevim kom gid. Tout moun fet avek fos pou yo kominike avek espri yo natirelman , li devlope nan yon seri de moun plis pase lot moun; lesansyel se pratike de seri de prensip pou ede nou kanalize fos sa yo ki natirel nan nou. Mwen aprann anpil ...mwen fe anpil experyans nan lekol lavi an. Eske mwen se yon manbo? Mwen pa konsidere tet mwen kom yon manbo paske mwen travay avek tout espri ... tout bagay se eneji ...mwen pa rete nan panteon ayisyen an selman pwiske tout bagay konekte nou tout se youn... blan, nwa, Ayisyen , franse... kelkeswa nasyonalitew ou gen yon moun kew renmen! lanmou ki se Bondye, se sous tout moun e se ladan li nou tout branche!.... Nou ap viv nan yon tan ki difisil... anpil soufrans, paske nou soti nan yon sosyete kote nou genyen anpil manti, e tronpew se bagay ki pi fasil...anpil moun ap soufri paske yo pakonn kiyes yo ye... lavi an ap pouse anpil moun onet poze tet yo de seri de keystyon.... verite yo red defwa pou dechifre... nou ka analize yo ansanm. Tout otan ou pa pase maladi ou pa konn remed! e ou paka bay sa ou menm ou pa genyen! mwen pataje konesans mwen gratis ti cheri . Mwen degaje'm finasyeman nan li kat pou ede kliyan mwen, ou klere limye, ou fe leson ou chandel se sa mwen plis renmen fe. si ou vle reapran saw ou te mal apran nan lavi, si ou vle pase poun chanje blog sa se adres ou!mwen chaje 33 dola pou 30 minit pou'n fe yon ti chita pale entim. si ou enterese kite yon mesaj nan bwat mwen. Mesi ke Bondye beniw.